
TOUJOU ORIJINAL
RESÈT SEKRÈ
YON MELANJ PAFÈ DE
11 ZÈB AK EPIS

11 ZÈB AK EPIS SEKRÈ
Tout bagay te kòmanse avèk yon sèl kizinye, Kolonèl Harland Sanders, ki te kreye yon bon resèt ou ka niche dwèt plis pase 75 ane de sa.
Resèt sa a ak 11 zèb ak epis li te grate okòmansman sou dèyè pòt kwizin li a, epi li toujou engredyan kle nan siksè nou an epi li kenbe l sekrè jouk jounen jodi a.

KIJAN YO KUIT LI
Nou toujou swiv fòmil Kolonèl la pou siksè, avèk vrè kizin k ap pannen epi prepare poul bon gou nou an alamen nan plis pase 20,000 restoran nan 125 peyi ak teritwa atravè lemond.
Pwosesis la kòmanse avèk kizinye nou yo k ap enspekte chak moso poul endividyèlman. Apre sa, yo woule poul fre a avèk anpil atansyon 7 fwa nan melanj sekrè nou an ki gen 11 zèb ak epis anvan yo balanse l 7 fwa epi answit yo kwit li anba presyon nan yon tanperati ki ba pou prezève tout bon gou ke yo konnen nou pou li atravè lemond.

